1 Peter 3:12
Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l'. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Ki moun ki ka fè nou mal si se byen ase nou vle fè?
Cross References
Leviticus 20:3Mwen menm bò pa m', mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l' pou mwen, li derespekte non mwen.
Leviticus 26:17M'a vire do ban nou, epi lènmi nou va bat nou. Moun ki pa vle wè nou yo va donminen sou nou. N'a rete konsa, n'a pran kouri san pa gen pesonn k'ap kouri dèyè nou.
2 Chronicles 7:15Depi jòdi a, je m' louvri, zòrèy mwen pare pou m' tande tout lapriyè y'ap fè isit la.
Psalms 11:4Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè.
Psalms 65:2(065:3) Paske ou tande lè y'ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou,
Proverbs 15:3Je Seyè a toupatou, l'ap veye tout moun, bon kou mechan.