1 Peter 4:13
Okontrè, fè kè n' kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 35:10Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!
Matthew 5:12Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.
Matthew 25:21Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou.
Matthew 25:31Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li.
Mark 8:38Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
Luke 17:30Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt.