1 Peter 4:12
Frè m' yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estwòdenè k'ap rive nou la a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 28:21Paske Seyè a pral leve kanpe jan l' te fè l' sou mòn Perazim lan, li pral souke kò l' jan l' te fè l' nan plenn Gabawon an, pou l' fè sa li vle fè a, bagay nou pa ta janm kwè, pou l' fin fè travay li, travay nou pa ka konprann.
1 Corinthians 3:13Men, se jou jijman an n'a wè ki kalite travay chak moun te bay. Se jou sa a ki va devwale kalite travay chak moun te fè. Paske jou sa a, se nan mitan dife l'ap parèt. Dife a pral sonde travay chak moun. L'ap fè wè kalite travay yo.
1 Thessalonians 3:2Mwen te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bon nouvèl Kris la. Li te gen pou l' te fòtifye nou, pou l' te ankouraje nou nan lafwa,
1 Peter 1:6Sa fè nou kontan anpil, menm si koulye a nou blije gen lapenn anpil pou yon ti tan, avèk tout kalite eprèv n'ap sibi yo.
1 Peter 5:9Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.