Matie 25:31
Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 9:7(09:8) Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis.
Zechariah 14:5N'a lonje fon an pou nou kouri chape kò nou jouk n'a rive lòt bò mòn Atsèl. N'a kouri met deyò menm jan zansèt nou yo te fè l' la lè tranblemanntè a te pase sou rèy Ozyas, wa peyi Jida a. Seyè a, Bondye nou an, va vini, l'ap mennen tout moun pa l' yo avè l'.
Matthew 19:28Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.
Matthew 26:64Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.
Mark 14:62Jezi reponn li: -Wi, se mwen menm. Nou gen pou nou wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' tou ap vini anwo nwaj yo nan syèl la.
Luke 22:69Men, depi jòdi a, Moun Bondye voye nan lachè a pral chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a.