1 Peter 4:18
Tankou sa ekri nan Liv la: Si moun k'ap viv dwat devan Bondye yo pa fasil pou sove, nou pa bezwen mande sa k'ap rive moun ki pa kwè nan Bondye yo, moun k'ap viv nan peche yo.
Bib La
In The King James Version
And if the righteous scarcely be saved, where shall the ungodly and the sinner appear?
In Context
Cross References
Genesis 13:13Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a.
Psalms 1:4Men, se p'ap menm bagay pou mechan yo. Yo tankou pay van an ap gaye.
Jeremiah 25:29Premye kote m'ap konmanse fè malè, se va lavil yo mete apa pou mwen an. Atò, se nou menm ki pou pa ta resevwa pinisyon nou? Non, nou p'ap chape, paske mwen pral voye lagè sou tout moun sou latè. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Zechariah 13:9Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m', m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m' yo ye. Y'a di se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo.
Mark 13:20Si Mèt la pa t' deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap sove. Men, li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi pou la ak li yo.
Luke 23:31Paske, si se sa yo fè bwa vèt la, kisa yo p'ap fè bwa chèch la?