1 Peter 4:19
Se poutèt sa, moun k'ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo a, se pou yo pa sispann fè sa ki byen, se pou yo renmèt nanm yo nan men Bondye ki kreye yo, epi ki p'ap lage yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 31:5(031:6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.
Psalms 138:8W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Seyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!
Isaiah 40:27Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, poukisa n'ap plenyen konsa? Nou menm, pèp Izrayèl la, poukisa n'ap plede di: Seyè a pa konn sa n'ap pase! Bondye nou an p'ap fè anyen pou defann kòz nou!
Isaiah 43:21Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen.
Isaiah 54:16Se mwen menm ki kreye bòs fòjon k'ap chofe dife chabon pou fè tout kalite zam. Se mwen menm tou ki fè lwijanboje yo pou kraze brize.
Daniel 3:16Chadrak, Mechak ak Abèdnego reponn, yo di wa Nèbikadneza konsa: -Monwa, nou p'ap eseye defann tèt nou.