1 Samuel 1:13
Men, Ana t'ap lapriyè nan kè l'. Se bouch li ase ki t'ap bat, konsa moun pa t' ka tande sa l'ap di a. Lè sa a, Eli te konprann se sou li te sou.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Pandan tout tan Ana t'ap lapriyè konsa devan Seyè a, Eli t'ap gade bouch li.
14Li di l' konsa: -Kilè w'a sispann bwè jouk pou ou sou konsa? Soti al desoule ou yon lòt kote!
Cross References
Genesis 24:42Jòdi a, lè m' rive bò sous dlo a, mwen di: Seyè, Bondye Abraram, mèt mwen an, si sa fè ou plezi, fè m' pa vwayaje pou gremesi.
Nehemiah 2:4Wa a di m' konsa: -Kisa ou ta renmen m' fè pou ou? Mwen lapriyè Bondye ki nan syèl la nan kè m'.
Zechariah 9:15Seyè ki gen tout pouvwa a pral pwoteje pèp li a. Yo pral kraze zam lènmi yo anba pye yo. Pandan batay la, yo pral rele tankou moun sou. Yo pral fè san lènmi yo koule. Li pral koule tankou san bèt yo touye sou lotèl yo.
Romans 8:26Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n' mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.