1 Samuel 14:49
Men pitit gason Sayil te genyen: Se te Jonatan, Yichwi ak Malkichwa. Men non de pitit fi li yo: Pi gran an te rele Merab, pi piti a te rele Mikal.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 18:17Yon lè Sayil di David konsa: -Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l' pou madanm. Sèl bagay se pou fè m' wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Seyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kè l': Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l' mwen menm.
1 Samuel 25:44Sayil menm bò pa l' te pran Mikal, pitit fi li a ki te madanm David, li marye l' ak Palti, pitit gason Layis, moun lavil Galim.
2 Samuel 3:13David reponn li: -Dakò. M'ap pase yon kontra avè ou. Men, m'ap mande yon sèl bagay. Piga ou vin wè m' san ou pa mennen Mikal, pitit fi Sayil la, avè ou. Se sèl jan pou ou parèt devan m'.
1 Chronicles 8:33Nè te papa Kich ki te papa Sayil. Sayil te gen kat pitit gason: Jonatan, Malchichwa, Abinadab ak Echbaal.