Judges 5:1
Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason Obinoram lan, pran chante chante sa a:
Bib La
In The King James Version
Then sang Deborah and Barak the son of Abinoam on that day, saying,
In Context
Cross References
Exodus 15:1Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.
Numbers 21:17Lè sa a, moun Izrayèl yo pran chante chante sa a: Pi a bay dlo! Annou chante pou sa!
1 Samuel 2:1Lè sa a, Ana lapriyè, li di: -Seyè a fè kè m' kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m' kontan paske Bondye delivre mwen.
2 Chronicles 20:21Apre sa, li fè yon pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad yo konn mete lè gen gwo fèt seremoni. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: -Lwanj pou Seyè a! Li p'ap janm sispann renmen nou!
Job 38:7Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo.
Isaiah 12:1Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj.