1 Samuel 2:21
Seyè a beni Ana ankò. Ana fè senk lòt pitit, de fi twa gason. Ti Samyèl menm t'ap grandi nan kay Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 21:1Seyè a fè Sara favè, jan l' te di l' la. Li fè sa l' te pwomèt li a rive vre.
1 Samuel 1:19Nan denmen maten, Elkana leve byen bonè ak tout fanmi li, yo adore Seyè a. Apre sa, yo tounen lakay yo lavil Rama. Elkama kouche ak Ana, madanm li. Epi, Seyè a fè pou Ana sa li te mande l' la.
1 Samuel 3:19Samyèl t'ap grandi, Seyè a te avèk li. Li te fè tout pawòl ki te soti nan bouch Samyèl rive vre.
Proverbs 3:4Si ou fè sa, Bondye va kontan avè ou, lèzòm va nonmen non ou an byen.
Luke 1:80Ti pitit la menm t'ap grandi, lespri l' t'ap devlope. Li te rete nan dezè a jouk jou pou l' te parèt an piblik devan pèp Izrayèl la.
Luke 2:52Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.