1 Samuel 2:20
Se konsa, Eli te beni Elkana ansanm ak madanm li. Li di Elkana: -M'ap lapriyè Seyè a pou l' ba ou lòt pitit avèk madanm sa a pou ranplase pitit ou mete apa pou Seyè a. Apre sa yo tounen lakay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 27:27Jakòb pwoche, li bo papa l'. Papa a pran sant rad ki te sou li a, epi li ba li benediksyon l'. Li di l': -Sant kò pitit mwen an tankou sant yon jaden Seyè a beni.
Ruth 2:12Mwen mande Seyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi. Ou vini mete ou anba zèl li pou l' pwoteje ou. Se pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!
1 Samuel 1:11Li fè Seyè a yon pwomès, li di l' konsa: -Seyè, ou menm ki gen tout pouvwa a, tanpri voye je ou sou sèvant ou a non! Gade lapenn mwen! Si ou pa bliye m', si ou ban m' yon pitit gason, m'ap mete l' apa pou li viv pou ou ase. Li p'ap janm koupe cheve nan tèt li.
1 Samuel 1:28Se konsa m' vin mete l' apa pou l' ka viv pou Seyè a ase jouk li mouri. Apre sa, yo adore Seyè a la nan tanp lan.