1 Samuel 2:25
Si yon moun fè yon lòt yon bagay mal, Seyè a ka pran defans li. Men lè se Bondye menm yon moun fè mal, ki moun ki va pran defans li? Men, mesye yo pa t' vle koute sa papa a t'ap di yo, paske Seyè a te fin pran desizyon l' pou l' te touye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Sispann non, pitit mwen yo! Paske, sa m' tande y'ap di sou nou yo se pa bèl bagay menm.
26Ti Samyèl menm t'ap grandi toujou. Li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.
Cross References
Genesis 38:10Sa l' t'ap fè a pa t' fè Seyè a plezi. Se konsa Seyè a fè l' mouri tou.
Deuteronomy 1:17Nou p'ap nan achte figi lè n'ap jije yon bagay. Se pou nou jije tout moun menm jan, kit se yon ti malere, kit se yon grannèg. Nou pa bezwen pè pesonn paske n'ap jije dapre prensip Bondye bay. Lè se yon ka ki twò difisil pou nou, n'a pote l' vin devan mwen, m'a jije l' mwen menm.
Deuteronomy 17:8Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,
Joshua 11:20paske Seyè a te fè tout moun sa yo soti pou goumen ak pèp Izrayèl la. Se pou pèp Izrayèl la te touye tout tankou ofrann pou Seyè a, san pitye pou yo yonn menm, pou yo tout te ka disparèt, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
1 Kings 8:31Lè yo pote plent pou yon moun ki fè frè l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fè sèman se pa vre, epi li vin fè sèman an devan lotèl ou a, nan tanp sa a,
2 Chronicles 10:15Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre.