1 Samuel 2:35
Mwen pral chwazi yon lòt prèt ki p'ap janm twonpe m'. L'a fè tou sa m'a vle l' fè, tou sa mwen ta renmen wè l' fè. M'a ba li yon fanmi ki p'ap janm disparèt, se yo ki va toujou sèvi wa mwen va chwazi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 1:21Paske fanmchay yo te gen krentif pou Bondye, Bondye te ba yo anpil pitit.
1 Samuel 12:3Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an.
1 Samuel 25:28Tanpri, mèt, padonnen sa mwen fè ki mal. Seyè a va ba ou yon fanmi ki p'ap janm disparèt, paske batay w'ap mennen yo se batay Seyè a yo ye. Ou p'ap janm fè anyen ki mal nan tout lavi ou.
2 Samuel 7:27Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, se ou menm ki te fè m' konnen tou sa. Ou te di m', mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouraj fè lapriyè sa a nan pye ou.
1 Kings 1:45Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, vide lwil sou tèt li bò sous Giyon an, yo mete l' apa pou l' sèvi wa. Lèfini, yo tounen lavil la, y'ap rele tèlman yo kontan. Tout lavil la tèt anba. Se bri sa a nou tande a.
1 Kings 11:38Si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou mache sou lòd mwen, si ou fè sa ki dwat devan je m', si ou kenbe tout lòd ak tout kòmandman mwen yo tankou David, sèvitè m' lan, te fè l' la, m'ap toujou kanpe la avè ou. Lèfini, tankou mwen te fè sa pou David, m'ap fè ou toujou gen yon moun nan fanmi ou k'ap wa apre ou. M'ap ba ou peyi Izrayèl la pou ou.