1 Samuel 25:28
Tanpri, mèt, padonnen sa mwen fè ki mal. Seyè a va ba ou yon fanmi ki p'ap janm disparèt, paske batay w'ap mennen yo se batay Seyè a yo ye. Ou p'ap janm fè anyen ki mal nan tout lavi ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Koulye a, mèt mwen, men sa mwen pote fè ou kado pou ou bay moun k'ap mache avè ou yo.
Cross References
Numbers 23:21Mwen pa wè okenn malè pou moun Jakòb yo. Ni mwen pa wè okenn traka pou moun Izrayèl yo. Seyè a, Bondye yo a, l'a avèk yo. Yo tout kontan, y'ap fè konnen se li ki wa yo.
1 Samuel 17:47Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l' pa l'. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la.
1 Samuel 24:6Li di moun li yo: -Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Seyè a menm ki te chwazi l' pou wa.
1 Samuel 24:17Li di David konsa: -Ou gen rezon. Se mwen ki antò! Ou te aji byen avè m'. Se mwen menm ki te aji mal avè ou.
1 Samuel 25:24Apre sa, li lage kò l' nan pye David, li di l' konsa: -Tanpri, chèf mwen, ban m' pèmisyon pale avè ou. Tout fòt la se pou mwen. Koute sa m'ap di ou.
2 Samuel 5:2Depi lontan, menm sou rèy Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l' pase. Lèfini ankò, Seyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo.