1 Samuel 2:8
Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò.
Cross References
Genesis 41:40M'ap mete ou chèf sou tout peyi mwen an. Se pou tout moun nan peyi a obeyi ou. Se sèlman paske mwen wa kifè mwen menm m'a pi gwo chèf pase ou.
2 Samuel 7:8Koulye a, men sa w'a di David, sèvitè m' lan: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp mwen an.
Job 36:6Li p'ap kite mechan yo viv lontan. Li toujou aji ak pòv yo san patipri.
Job 38:4Kote ou te ye lè m' t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay!
Job 38:6Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l' la?
Psalms 24:2Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo.