1 Samuel 2:9
L'ap pwoteje lavi moun k'ap sèvi l' ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouraj yon nonm k'ap fè l' genyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 33:3Seyè a renmen tout pèp sou latè. Men, li pwoteje tout moun k'ap viv apa pou li. Yo bese nan pye l'. Yo resevwa lòd l'ap ba yo.
1 Samuel 25:26Se Seyè a menm ki anpeche ou mete san deyò pou pran revanj ou. Koulye a, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou menm, mèt mwen, se pou tout lènmi ou yo, tout moun ki ta vle fè ou mal, fini tankou Nabal.
Job 5:24Lè sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou. Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan.
Job 40:13Mete yo tout anba tè. Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a.
Psalms 33:16Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.
Psalms 37:28Paske, Seyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt.