1 Samuel 20:13
Men, si li fè lide pou li touye ou, mwen mande Bondye pou l' ban mwen pi gwo pinisyon ki genyen, si mwen pa voye komisyon ba ou pou ou chape kò ou. Mwen mande pou Seyè a toujou la avè ou, menm jan li te konn kanpe la avèk papa m'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ruth 1:17Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m' tou. Mwen mande Seyè a pou l' ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou.
1 Samuel 10:7Lè bagay sa yo va rive, w'a fè tou sa ki vin pou fèt paske se Bondye k'ap avè ou.
1 Samuel 14:47Apre yo te fin fè Sayil wa peyi Izrayèl la, li fè lagè ak tout lènmi l' yo alawonnbadè: ak moun Moab yo, moun Amon yo, moun Edon yo, ak wa lavil Soba yo, ak moun Filisti yo. Kote li pase, li genyen batay yo.
1 Samuel 18:12Sayil te pè David anpil, paske Seyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye koulye a.
2 Samuel 3:35Apre sa, pandan tout rès jounen an, yo pote manje bay David pou li manje, men David fè sèman sa a: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen mete anyen nan bouch mwen anvan solèy kouche!
2 Samuel 19:13n'a pale ak Amasa, n'a di l' pou mwen se fanmi m' li ye. Depi jòdi a, mwen mete l' alatèt lame mwen an nan plas Joab. Si mwen pa kenbe pawòl, se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen!