1 Samuel 25:13
David di yo: -Pran nepe nou, pase yo nan ren nou. Yo tout pase nepe yo nan ren yo. David tou. Lèfini, katsan (0400) nan mesye yo ale avèk David. Lòt desan yo (0200) rete dèyè ak pwovizyon yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Mesye yo tounen al jwenn David. Lè yo rive, yo rapòte ba li tou sa Nabal te di.
Cross References
Joshua 9:14Chèf pèp Izrayèl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Seyè a sa li di nan sa.
1 Samuel 23:13Se konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Yo te sisan (0600) konsa. Yo kite lavil Keyila lamenm, yo pati, yo pran mache san konnen kote yo prale. Lè Sayil vin konnen David te chape soti lavil Keyila, li chanje lide, li pa mache sou Keyila ankò.
1 Samuel 27:2David leve ansanm ak sisan (0600) moun pa l' yo, y' ale kay Akich, pitit gason Maòk la, ki te wa lavil Gat.
1 Samuel 30:21David t'ap tounen, li rive bò desan (0200) mesye li te kite bò ravin Bezò a paske yo te twò fèb pou ale avè l'. Yo mache vin kontre David ansanm ak lòt mesye l' yo. David mache al jwenn yo, li di yo bèl bonjou.
Proverbs 16:32Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.
Proverbs 19:11Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.