1 Samuel 25:2
Te gen yon nonm moun lavil Maon ki te gen bitasyon l' lavil Kamèl. Nonm lan te rich anpil: li te gen twamil (03.000) tèt mouton ak mil (01000) tèt kabrit. Lè sa a, msye te lavil Kamèl pou fè taye lenn mouton l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 26:13Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil.
Genesis 32:14Li pran desan (0200) fenmèl kabrit ak vin bouk, desan fenmèl mouton ak vin belye,
Joshua 15:55Te gen ankò Maon, Kamèl, Zif, Jouta,
1 Samuel 23:24Se konsa moun Zif yo leve, yo pran devan wa a, yo pati pou peyi yo. David menm ansanm ak moun li yo te nan dezè Maon an, nan fon ki nan pòsyon sid dezè a.
2 Samuel 13:23Dezan apre sa, Absalon t'ap koupe lenn mouton l' yo lavil Baal azò, toupre lavil Efrayim. Li envite tout pitit gason wa yo vin manje.
Job 1:3Li te gen sètmil (07.000) mouton, twamil (03.000) chamo, mil (01.000) tèt bèf, senksan (0500) fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a.