1 Samuel 5:3
Nan denmen maten byen bonè, lè moun lavil Asdòd yo leve, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Bondye a. Yo pran estati Dagon an, yo mete l' kanpe nan plas li ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Yo antre avè l' nan tanp Dagon, bondye pa yo a. Yo mete l' sou kote estati Dagon an.
Cross References
1 Samuel 6:1Bwat Kontra Seyè a te gen tan pase sèt mwa nan peyi Filisti a.
Psalms 97:7Tout moun k'ap sèvi zidòl yo, yo tout k'ap fè grandizè pou bagay ki pa vo anyen, yo tout gen pou yo wont. Tout bondye yo bese tèt devan li.
Isaiah 19:1Men mesaj Bondye bay sou peyi Lejip la: -Seyè a chita sou yon nwaj k'ap kouri desann bò peyi Lejip la. Zidòl Lejip yo tranble devan l'. Moun peyi Lejip yo gen kè kase.
Isaiah 41:7Bòs atizan k'ap fè estati a ap ankouraje òfèv la. Moun k'ap fin bay estati a fòm ak ti kout mato l' yo ap ankouraje bòs fòjon an. Yon lòt di: Soudi a bon! Yo kloure zidòl la nan plas li pou li pa tonbe.
Isaiah 46:1Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke.
Jeremiah 10:8Yo tout se yon bann egare san konprann. Kisa zidòl bwa yo ka moutre yo pase sa?