Isaiah 46:1
Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:12Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyè a.
Job 39:11Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou?
Isaiah 21:9Lè sa a, yon lame kavalye parèt. Y'ap mache vini de pa de. Gad la bay nouvèl la. Li di: Lavil Babilòn tonbe! Wi, li tonbe! Tout estati zidòl yo tonbe plat atè, yo kraze!
Jeremiah 10:5Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo, paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo, yo pa ka fè anyen ni an byen ni an mal.
Jeremiah 48:7Ou te mete konfyans ou nan fòs ou ak nan richès ou yo! Ou menm tou, lènmi ap anvayi ou! Y'ap depòte Kemòch, bondye ou la, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo.
Jeremiah 51:44M'ap regle Bèl, bondye Babilòn lan, m'ap fè l' rann tou sa li te vale a. Nasyon yo p'ap kouri vin nan pye l' ankò. Miray lavil Babilòn yo tonbe.