1 Samuel 5:4
Nan denmen ankò lè yo leve nan maten, yo wè estati Dagon an te tonbe fas atè devan Bwat Kontra Seyè a. Tèt li ak de bra l' yo te kraze, yo te sou papòt tanp lan. Se rès kò a ase ki te rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 27:9Men, pou l' padonnen peche pèp Izrayèl la, se pou tout wòch lotèl zidòl yo tounen pousyè lacho, se pou yo kraze tout estati zidòl yo ansanm ak lotèl kote yo boule lansan pou yo. Se konsa li p'ap fè yo peye pou sa yo fè a.
Jeremiah 10:14Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye yo ye, yo pa gen lavi nan yo.
Jeremiah 50:2-Bay tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l'. Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache. Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont. Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont. Yo kraze tout vye bagay sa yo.
Daniel 11:8L'ap pran tout bondye moun yo ak estati an fè yo, ansanm ak tout veso fèt an ajan ak an lò yo te gen pou fè sèvis zidòl yo, l'ap pote yo desann nan peyi Lejip. Pandan kèk tan l'ap rete sou sa l' te fè a, li p'ap pwoche bò peyi Siri a.