1 Thessalonians 1:9
Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m' lè m' te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n' tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 17:26David mande moun ki te kanpe bò kote l' yo: -Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Seyè a, ye menm pou l' mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l' la?
Psalms 42:2(042:3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m' ava ale pou m' adore Bondye lakay li?
Isaiah 2:17P'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Seyè a va sèl chèf.
Isaiah 37:17Panche zòrèy ou, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute tou sa Senakerib voye di pou manke Bondye vivan an dega.
Jeremiah 16:19Seyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m' tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va soti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: -Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.
Hosea 1:10Moun pèp Izrayèl yo va tankou sab bò lanmè: moun p'ap ka ni konte yo, ni konnen kantite ki va genyen. Si koulye a Bondye ap di: Nou pa moun pa m' ankò, yon jou l'a di yo: Nou se pitit Bondye vivan an.