1 Thessalonians 1:8
Konsa, nou fè anpil moun rive konnen mesaj Seyè a. Se pa sèlman nan Masedwan ak nan Lakayi, men se toupatou moun ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Se sa ki fè, nou pa bezwen pale sou sa ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 2:3Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.
Isaiah 66:19M'a fè yo konnen se mwen menm k'ap pini yo. Men, m'ap sove kèk moun ladan yo, pou m' voye yo nan tout nasyon, nan tout peyi byen lwen ki poko janm tande non m' nan zòrèy yo, ki pa janm wè pouvwa mwen, nan peyi Lespay, nan peyi Libi, nan peyi Lidi, kote ki gen moun ki konn sèvi ak banza ak anpil ladrès, nan peyi Toubal ak nan peyi Lagrès. Yo pral fè moun tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa.
Romans 10:14Ki jan y'a fè rele l', si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li,
1 Corinthians 14:36Eske se lakay nou pawòl Bondye a soti? Osinon, èske se nou menm ase ki te resevwa li?
2 Thessalonians 1:4Se sak fè, sa fè m' plezi pou m' nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou.
3 John 1:12Tout frè yo pale byen pou Demetriyis. Menm laverite a pale byen pou msye. Nou menm tou, n'ap pale byen pou li, epitou ou konnen sa nou di se verite.