1 Thessalonians 3:6
Men koulye a, Timote fèk rive sot lakay nou, li fè kè m' kontan, li ban m' bon nouvèl, li di m' jan nou gen konfyans ak renmen. Li di m' jan nou menm tou nou toujou chonje m', jan nou anvi wè m', menm jan mwen menm mwen anvi wè nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 52:7Ala bèl sa bèl lè ou wè sou mòn yo mesaje a k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!
Acts 18:5Men, lè Silas ak Timote rive soti Masedwan, Pòl te bay tout tan l' pou travay predikasyon an sèlman: li t'ap bay jwif yo tout kalite prèv pou moutre yo Jezi se Kris yo t'ap tann lan.
1 Corinthians 13:13Koulye a se twa bagay sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran.
Galatians 5:6Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou.
Colossians 1:4Mwen pran nouvel jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a.
1 Thessalonians 1:3Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Seyè nou an.