Colossians 1:4
Mwen pran nouvel jan nou gen konfyans nan Jezikri, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a.
Bib La
In The King James Version
Since we heard of your faith in Christ Jesus, and of the love which ye have to all the saints,
In Context
3Mwen pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Seyè nou an, mèsi lè m'ap lapriyè pou nou.
Cross References
2 Corinthians 7:7Se pa rive Tit la ase ki te ankouraje mwen. Sa te remoute kouraj mwen anpil tou lè li rakonte m' jan nou menm nou te ba li ankourajman. Li fè m' konnen jan nou anvi wè m', jan sa fè nou lapenn pou mwen, jan nou pare pou nou pran defans mwen. Se sak fè, koulye a mwen pi kontan toujou.
Ephesians 1:15Se poutèt tout bagay sa yo, depi mwen tande jan nou gen konfyans nan Kris la, jan nou renmen tout moun ki fè pati pèp Bondye a,
1 Thessalonians 1:3Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Seyè nou an.
1 Thessalonians 4:9Kanta renmen nou dwe genyen pou frè n' yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt.
Philemon 1:5Paske m' tande jan ou renmen tout pèp Bondye a, jan ou gen konfyans nan Seyè Jezi.
1 Peter 1:21Gremesi Kris la, nou gen konfyans nan Bondye ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò, nan Bondye ki te ba l' lwanj. Konsa, nou mete tout konfyans nou ak tout espwa nou nan Bondye.