1 Thessalonians 4:11
Chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Konsa, moun ki pa kwè nan Kris la va respekte nou, epi nou menm, nou p'ap rete sou kont pesonn.
Cross References
Proverbs 17:1Pito ou manje yon grenn bannann chèch ak kè poze pase pou ou fè gwo fèt nan mitan dezagreman.
Lamentations 3:26Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou.
Luke 12:42Jezi reponn li: Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.
Acts 20:35Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fè pou n' ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.
Romans 12:11Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la.
1 Corinthians 4:12N'ap fatige kò nou travay pou n' ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou.