1 Timothy 1:4
Di yo wete lide yo sou vye istwa san fondman sa yo, sou lis non gran granparan moun ki byen long. Bagay sa yo lakòz moun fè yon bann diskisyon initil. Yo p'ap sèvi plan travay Bondye a, jan nou konnen l', gremesi lafwa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Corinthians 7:9Men koulye a, kè m' kontan, pa paske mwen te fè nou lapenn, men paske lapenn nou te genyen an te fè nou chanje kondit. Nou te sipòte lapenn sa a jan Bondye vle l' la. Se konsa mwen pa fè nou okenn mal.
1 Timothy 3:16Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l' tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l' nan syèl la.
1 Timothy 6:3Si yon moun ap moutre yon lòt doktrin ki pa dakò ak pawòl verite ki soti nan Jezikri a, ni avèk sa relijyon nou te montre nou an,
1 Timothy 6:20Timote monchè, veye byen sou sa yo te renmèt ou a. Pa pèdi tan ou nan diskou san sans ki pa dakò ak verite a, ni nan diskisyon pou bagay anpil moun pran pou konesans.
2 Timothy 2:16Evite diskou san sans ki pa dakò ak verite lafwa a, paske moun k'ap fè diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou.
2 Timothy 4:4Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre.