1 Timothy 3:8
Konsa tou, se pou moun k'ap ede nan sèvis legliz la se moun ki respektab, ki pa gen de pawòl, moun ki pa bwè twòp, ki pa renmen fè lajan mal, ki p'ap kouri dèyè lajan.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Se pou yo kenbe verite Bondye fè nou konnen an ak konsyans yo pwòp.
Cross References
Psalms 5:9(05:10) Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun.
Psalms 50:19Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.
Ezekiel 44:21Prèt yo pa gen dwa bwè diven jou pou yo antre nan ti lakou anndan an.
Romans 3:13Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
1 Timothy 3:3Li pa fèt pou l' renmen bwè gwòg, ni renmen fè kont. Okontrè, se pou l' gen pasyans ak kè poze. Li pa fèt pou l' renmen lajan.
1 Timothy 5:23Ak maladi lestonmak ou a, sispann bwè dlo sèlman. Bwè ti diven tou pou ede ou fè dijesyon.