Ezekiel 44:21
Prèt yo pa gen dwa bwè diven jou pou yo antre nan ti lakou anndan an.
Bib La
In The King James Version
Neither shall any priest drink wine, when they enter into the inner court.
In Context
Cross References
Leviticus 10:9-Ni ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fèt pou nou bwè diven ni ankenn gwòg lè se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fè sa n'a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo.
1 Timothy 3:8Konsa tou, se pou moun k'ap ede nan sèvis legliz la se moun ki respektab, ki pa gen de pawòl, moun ki pa bwè twòp, ki pa renmen fè lajan mal, ki p'ap kouri dèyè lajan.
Titus 1:7Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l' brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon.