1 Timothy 4:2
Y'ap kite yon bann moun ipokrit fè yo pèdi tèt yo ak manti. Konsyans moun sa yo fini, ou ta di yo boule ak yon fè cho.
Bib La
In The King James Version
Speaking lies in hypocrisy; having their conscience seared with a hot iron;
In Context
Cross References
1 Kings 13:18Lè sa a pwofèt lavil Betèl la di l': -Mwen menm tou, mwen se yon pwofèt tankou ou. Se Seyè a menm ki te voye yonn nan zanj li yo vin di m' pou m' fè ou tounen lakay ansanm avè m', lèfini pou m' ba ou manje, pou m' ba ou bwè! Men se manti pwofèt lavil Betèl la t'ap ba li.
Isaiah 9:15Chèf fanmi yo ak notab yo, se yo ki tèt pèp la. Ke a menm, se pwofèt yo, papa mantò!
Jeremiah 23:14Men, sa m' wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m' degoutans. Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen. Y'ap plede bay manti. Y'ap ede moun yo fè mechanste. Konsa, pesonn pa sispann fè sa ki mal. Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo.
Daniel 8:23Lè ti wa sa yo va rive nan bout yo, lè y'a fin fè kont peche yo, gen yon wa k'ap parèt, l'ap san respè pou Bondye, l'ap woule tout moun.
Matthew 24:24Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.
Romans 1:28Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè.