2 Chronicles 1:2
Wa Salomon fè rele tout pèp Izrayèl la, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo, jij yo, tout anplwaye gouvènman an ak tout chèf fanmi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 3:4Salomon te konn al lavil Gabawon pou touye bèt pou Bondye, paske se la ki te gen pi gwo lotèl la. Li te deja ofri mil bèt pou yo te boule nèt sou lotèl la.
1 Chronicles 15:3Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.
1 Chronicles 24:4Men, lè yo jwenn te gen plis gason chèf fanmi nan moun Eleaza yo pase nan moun Itama yo, yo òganize sèz gwoup nan moun Eleaza yo ak wit gwoup nan moun Itama yo.
1 Chronicles 27:1Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t'ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason (024.000) ki te desèvis sou lòd yon chèf diferan.
1 Chronicles 29:1Lèfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: -Salomon, pitit gason m' lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Seyè a.
2 Chronicles 30:2Wa a te diskite koze a ak chèf li yo ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan: yo deside pou yo fete fèt Delivrans lan nan dezyèm mwa a.