2 Chronicles 1:9
O Seyè, Bondye, kenbe pwomès ou te fè papa m' lan! Ou mete m' wa pou m' gouvènen yon pèp ki gen anpil anpil moun ladan l'. Yo pi plis pase grenn pousyè tè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:16Mapral ba ou anpil pitit pitit. Si yon moun ka konte tout grenn pousyè ki sou latè, la rive konte pitit pitit ou yo tou.
Numbers 23:10Ki moun ki ka konte valè pitit Jakòb genyen? Yo anpil tankou grenn pousyè ki sou latè. Ki moun ki ka konte valè pitit Izrayèl yo ye? Mwen ta renmen mouri tankou moun ki mache dwat devan Bondye. Mwen ta renmen fini tankou yo ak kè poze.
2 Samuel 7:25Koulye a, Seyè, Bondye, se pou ou kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fè sa ou di w'ap fè a.
1 Chronicles 17:11Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm.
1 Chronicles 28:5Koulye a, Seyè a te ban mwen anpil pitit. Men, nan tout pitit sa yo li chwazi Salomon pou chita sou fotèy la pou gouvènen pèp Izrayèl la ak pouvwa l'ap ba li.
Psalms 89:35(089:36) Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti.