The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 13 › 2 Chronicles 13:10

2 Chronicles 13:10

Men nou menm, se Seyè a ki Bondye nou. Nou pa janm vire do ba li. Prèt k'ap sèvi devan Seyè a se fanmi Arawon yo ye. Moun ki reskonsab sèvis yo se moun Levi yo ye.

Bib La

In The King James Version

But as for us, the LORD is our God, and we have not forsaken him; and the priests, which minister unto the LORD, are the sons of Aaron, and the Levites wait upon their business:

In Context

9Nou mete prèt Seyè yo, pitit Arawon yo, deyò ansanm ak moun Levi yo, lèfini nou fè tankou lòt nasyon yo, nou chwazi moun pa nou pou sèvi prèt. Nenpòt moun ki vin jwenn nou ak yon towo bèf osinon ak sèt mouton, nou fè l' prèt bondye nou yo ki pa bondye.

11Chak maten, chak aswè, y'ap ofri bèt yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak lansan. Yo mete pen ki apa pou Bondye yo sou yon tab ki nan kondisyon pou sèvis Bondye. Chak aswè, yo limen lanp ki sou gwo lanp sèt branch lan. Nou fè tou sa Seyè a ban nou lòd fè. Men, nou menm moun peyi Izrayèl, nou vire do ba li.

Read all of 2 Chronicles 13

Cross References

Exodus 29:1Men sa ou gen pou fè pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt. Pran yon jenn ti towo bèf ak de belye mouton ki san defo.

Numbers 16:40pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.

Joshua 24:17Se Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti ansanm ak zansèt nou yo nan esklavaj nou te ye nan peyi Lejip la. Se li menm ki te fè tout gwo mèvèy sa yo devan je nou. Se li menm ki te pwoteje nou tout kote nou pase, nan mitan tout nasyon sa yo, lè nou t'ap travèse peyi yo.

Nehemiah 13:30Mwen te wete tout bagay ki pou moun lòt nasyon yo nan mitan pèp la pou yo te ka nan kondisyon pou sèvi Bondye. Mwen fè regleman pou prèt yo ak moun Levi yo. Konsa, chak moun te gen travay pa yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 13:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 13:92 Chronicles 132 Chronicles 13:11 →