2 Chronicles 13:11
Chak maten, chak aswè, y'ap ofri bèt yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak lansan. Yo mete pen ki apa pou Bondye yo sou yon tab ki nan kondisyon pou sèvis Bondye. Chak aswè, yo limen lanp ki sou gwo lanp sèt branch lan. Nou fè tou sa Seyè a ban nou lòd fè. Men, nou menm moun peyi Izrayèl, nou vire do ba li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 26:5tout sa, paske Abraram te tande m' lè m' te pale avè l', li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tout sa mwen mande l', li te obeyi tout lwa mwen yo.
Exodus 27:20W'a pase pèp Izrayèl la lòd pou yo pote ba ou pi bon kalite lwil oliv ki genyen pou lanp yo. Konsa, lanp lan va toujou ka rete limen.
Exodus 30:1W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya pou boule lansan.
Leviticus 24:2-Bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo fè ou jwenn bon lwil fèt ak grenn oliv kraze pou gwo lanp sèt branch ki nan Tant Randevou a, pou lanp yo toujou ka rete limen.
Numbers 1:53Men, moun fanmi Levi yo va moute kay yo fè wonn Tant Randevou a pou kòlè Bondye pa tonbe sou pèp Izrayèl la. Se yo menm tou ki la pou veye sou Tant Randevou a.
Numbers 16:6Men sa pou n' fè. Ou menm, Kore, ak chak moun ki nan bann ou an, nou chak n'a pran yon ti recho dife.