Exodus 29:1
Men sa ou gen pou fè pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt. Pran yon jenn ti towo bèf ak de belye mouton ki san defo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:11Paske, Seyè a te pran sis jou pou l' fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Seyè a beni jou repo a, li mete l' apa pou li.
Exodus 28:3W'a pale ak atizan ki konnen metye yo byen. Se mwen menm ki ba yo tout ladrès yo genyen an. W'a mande yo pou yo fè rad Arawon yo, pou ou ka mete l' apa pou mwen pou l' ka sèvi m' prèt.
Exodus 29:21Pran ti gout nan san ki sou lòtèl la ansanm ak ti gout nan lwil pou mete moun apa a, voye yo sou Arawon ak sou rad li yo, sou pitit gason l' yo ak sou rad yo tou. Konsa, w'a mete Arawon ak pitit gason l' yo ansanm ak tout rad yo apa pou mwen nèt.
Leviticus 5:15-Si yon moun fè yon peche san li pa fè espre, si li fè sa li pa t' dwe fè, tankou lè li bliye bay sa li te dwe bay pou Seyè a, l'a fè yon ofrann pou repare bagay li te fè ki mal la. L'a pran yon belye mouton nan bèt li yo, yonn ki san ankenn enfimite. Y'a di konbe bèt la vo, dapre lajan yo sèvi nan kay Bondye a, epi l'a ofri l' bay Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou peye pou sa yon moun fè ki mal.
Leviticus 6:13Se pou dife a toujou ap boule sou lotèl la. Pa janm kite l' mouri.
Leviticus 8:2-Pran Arawon ak pitit gason l' yo ansanm avè ou. W'a pote rad seremoni yo, lwil pou mete moun osinon bèt apa pou Bondye a, towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la, de belye mouton yo ak panyen pen san ledven yo tou.