2 Chronicles 13:15
Moun Jida yo bay yon sèl rèl byen fò, epi yo atake. Bondye fè Jewoboram ak tout lame moun Izrayèl yo pèdi devan Abija ak moun Jida yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Moun Izrayèl yo pran kouri pou moun Jida yo, Bondye lage yo nan men moun Jida yo.
Cross References
Joshua 6:16Setyèm fwa a, apre prèt yo fin kònen kòn belye yo, Jozye di pèp la konsa: -Nou mèt rele koulye a! Seyè a lage lavil la nan men nou!
Joshua 11:8Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la: sòlda pèp Izrayèl yo bat yo byen bat. Yo kouri dèyè yo jouk Gwo Sidon ak Misrefòt sou bò nò, jouk Fon Mispa sou bò solèy leve. Yo bat yo nèt, yo pa kite yonn ladan yo chape.
Judges 7:18N'a fè wonn kan an. Lè m'a kònen twonpèt ansanm ak tout moun ki avè m' yo, nou menm tou n'a kònen twonpèt. Epi n'a rele: Annavan pou Seyè a ak pou Jedeyon!
2 Chronicles 14:11Asa lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pesonn pa ka kenbe tèt avè ou!
2 Chronicles 20:21Apre sa, li fè yon pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad yo konn mete lè gen gwo fèt seremoni. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: -Lwanj pou Seyè a! Li p'ap janm sispann renmen nou!
Psalms 47:1(047:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (047:2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!