2 Chronicles 13:19
Abija kouri dèyè Jewoboram, li pran lavil Betèl, lavil Jesana ak lavil Efwon ansanm ak tout ti bouk ki te sou kont yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Jewoboram pa janm pran pye ankò pandan tout rèy Abija. Bout pou bout, Seyè a frape l', li mouri.
Cross References
Genesis 28:19Li rele kote sa a Betèl. (Anvan sa, lavil la te rele Louz.)
Joshua 10:39Yo pran lavil la ansanm ak wa a ak tout lòt ti bouk nan zòn lan. Jozye fè touye tout moun ak tout bèt tankou yon ofrann pou Seyè a. Li pa kite yonn chape. Menm sa li te fè moun lavil Ebwon yo, menm sa li te fè moun lavil Libna yo ak wa yo a, se sa Jozye fè lavil Debi ak wa li a tou.
Joshua 15:9Li soti nan tèt mòn lan, li desann bò sous Neftoa a. Apre sa li pran direksyon mòn Efwon an, li vire sou lavil Bala (ki rele Kiriyat-Jearim tou).
2 Chronicles 15:8Lè Asa tande mesaj pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouraj. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Seyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Seyè a.
John 11:54Se poutèt sa tou Jezi te sispann fè ale vini nan mitan jwif yo an piblik. Li mete kò l' yon kote toupre dezè a, nan yon vil yo rele Efrayim. Se la li te rete ak disip li yo.