Joshua 10:39
Yo pran lavil la ansanm ak wa a ak tout lòt ti bouk nan zòn lan. Jozye fè touye tout moun ak tout bèt tankou yon ofrann pou Seyè a. Li pa kite yonn chape. Menm sa li te fè moun lavil Ebwon yo, menm sa li te fè moun lavil Libna yo ak wa yo a, se sa Jozye fè lavil Debi ak wa li a tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
38Apre sa ankò, Jozye ansanm ak tout lame Izrayèl la vire sou lavil Debi, y' al atake l'.
Cross References
Deuteronomy 3:3Se konsa Seyè a, Bondye nou an, te lage Og, wa peyi Bazan an, nan men nou ansanm ak tout pèp li a. Nou touye yo tout. Nou pa kite pesonn chape.
Joshua 10:37Yo pran lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te rete la ansanm ak tou sa ki te rete nan ti bouk nan zòn lan. Li pa kite yon moun chape, menm jan li te fè l' lavil Eglon an. Li fè touye dènye moun ak dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a.
Joshua 11:8Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la: sòlda pèp Izrayèl yo bat yo byen bat. Yo kouri dèyè yo jouk Gwo Sidon ak Misrefòt sou bò nò, jouk Fon Mispa sou bò solèy leve. Yo bat yo nèt, yo pa kite yonn ladan yo chape.
1 Samuel 15:3Koulye a, leve al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Seyè a. Ou p'ap gen pitye pou pesonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik.
2 Kings 10:11Se konsa Jeou touye tout rès fanmi Akab ki te lavil Jizreyèl, tout grannèg ki t'ap sèvi avè l' li yo, bon zanmi l' yo ak prèt li yo. Li pa kite yonn ladan yo vivan.