2 Chronicles 15:8
Lè Asa tande mesaj pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouraj. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Seyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Men nou menm, mete gason sou nou! Pa dekouraje, paske n'ap jwenn rekonpans travay nou.
Cross References
Deuteronomy 27:15-Madichon Bondye pou tout moun ki fè travay yon wòch ak sizo osinon fè fonn metal pou fè yon zidòl, epi lèfini ki kache l' yon kote pou l' fè sèvis pou li. Se yon bondye moun fè ak men yo. Seyè a pa vle wè bagay konsa! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
1 Kings 11:5Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an.
1 Kings 15:9Wa Jewoboram t'ap mache sou ventan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl, lè Asa moute wa nan peyi Jida.
2 Kings 18:22Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini, li mande tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm pou yo vin devan yon sèl lotèl la?
2 Chronicles 4:1Salomon fè fè tou yon lotèl kwiv kare kare, ki te mezire trant pye lajè sou trant pye longè ak kenz pye wotè.
2 Chronicles 13:19Abija kouri dèyè Jewoboram, li pran lavil Betèl, lavil Jesana ak lavil Efwon ansanm ak tout ti bouk ki te sou kont yo.