2 Chronicles 14:4
Li bay tout moun Jida yo lòd pou yo mache dapre volonte Seyè a, Bondye zansèt yo a, pou yo fè tou sa ki nan lalwa ak nan kòmandman Bondye yo.
Bib La
In The King James Version
And commanded Judah to seek the LORD God of their fathers, and to do the law and the commandment.
In Context
Cross References
Genesis 18:19Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a.
1 Samuel 3:13Mwen te di l' mwen tapral pini fanmi l' lan yon sèl kou pou m' fini ak yo poutèt pitit gason l' yo. Li konnen yo t'ap fè sa ki mal, yo t'ap pale Bondye mal, epi li pa di yo anyen.
2 Chronicles 29:21Yo mennen sèt ti towo, sèt belye mouton, sèt ti mouton, sèt bouk kabrit, yo ofri yo pou peye pou sa fanmi wa a ak tout moun pèp Jida yo te fè ki mal ak pou sa moun te fè ki mal nan Tanp lan. Wa a mande prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pou yo touye bèt yo sou lotèl Seyè a.
2 Chronicles 29:30Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Seyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Seyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.
2 Chronicles 30:19tout moun sa yo ki soti pou sèvi ou ak tout kè yo, menm si yo pa nan kondisyon pou sèvi ou, pou yo manyen sa yo mete apa pou ou yo.
2 Chronicles 34:32Apre sa, wa a fè tout moun ki te lavil Jerizalèm ansanm ak moun branch fanmi Benjamen yo pran menm angajman an tou. Depi lè sa a, moun lavil Jerizalèm yo mache dapre kontra yo te pase ak Bondye zansèt yo a.