The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 34 › 2 Chronicles 34:32

2 Chronicles 34:32

Apre sa, wa a fè tout moun ki te lavil Jerizalèm ansanm ak moun branch fanmi Benjamen yo pran menm angajman an tou. Depi lè sa a, moun lavil Jerizalèm yo mache dapre kontra yo te pase ak Bondye zansèt yo a.

Bib La

In The King James Version

And he caused all that were present in Jerusalem and Benjamin to stand to it. And the inhabitants of Jerusalem did according to the covenant of God, the God of their fathers.

In Context

31Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Seyè a pou li fè volonte Seyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lalwa Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li, lèfini pou l' kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la.

33Jozyas fè disparèt tout vye zidòl sal nan peyi ki te pou moun pèp Izrayèl yo. Li mete tout moun ki te rete nan peyi Izrayèl la nan obligasyon pou yo sèvi Seyè a, Bondye yo a. Se konsa pandan tout tan Jozyas te vivan an, tout pèp la te kenbe pye Seyè a, Bondye zansèt yo a, fèm.

Read all of 2 Chronicles 34

Cross References

Genesis 18:19Mwen te chwazi l' pou l' te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l' k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Seyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tout sa mwen te pwomèt li a.

2 Chronicles 15:12Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo.

2 Chronicles 30:12Bondye te manyen kè moun peyi Jida yo tou, yo mete tèt ansanm pou yo fè sa wa a ak lòt chèf yo te mande yo fè, dapre lòd Seyè a te bay.

Ezra 10:3Nou tout pral pran angajman an piblik devan Bondye pou nou ranvwaye tout medam sa yo ansanm ak pitit yo fè pou nou. Wi, mèt, nou pral swiv konsèy ou menm ak lòt moun ki gen respè pou kòmandman Bondye nou an te ban nou. Se pou nou fè tou sa lalwa Bondye a mande nou fè.

Jeremiah 3:10Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 34:32

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 34:312 Chronicles 342 Chronicles 34:33 →