2 Chronicles 14:7
Li di moun peyi Jida yo: -Annou ranfòse defans lavil yo! Annou bati miray ranpa ak fò pou pwoteje yo ak pòtay solid ak gwo ba pou fèmen yo. Peyi a nan men nou toujou, paske nou te fè volonte Seyè a, Bondye nou an. Se li menm ki pwoteje nou, li fè nou viv byen san kont ak tout vwazen nou yo. Se konsa yo mete men nan travay la jouk yo fini l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 23:1Depi lontan Seyè a te fin bay moun pèp Izrayèl yo lapè nan mitan tout lènmi l' yo. Jozye bò pa l' te fin granmoun. Li te gen anpil laj sou tèt li.
1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
2 Chronicles 14:4Li bay tout moun Jida yo lòd pou yo mache dapre volonte Seyè a, Bondye zansèt yo a, pou yo fè tou sa ki nan lalwa ak nan kòmandman Bondye yo.
2 Chronicles 17:13Li te gen pwovizyon an kantite nan tout lavil peyi a. Nan lavil Jerizalèm menm, li te gen anpil vanyan sòlda.
2 Chronicles 25:5Amasya reyini tout gason nan branch fanmi Jida yo ak nan branch fanmi Benjamen yo, li moute yon lame, chak fanmi apa. Li mete yon chèf alatèt chak rejiman mil sòlda ak yon chèf alatèt chak divizyon san sòlda. Li fè konte tout gason ki te gen ventan ak sa ki te gen ventan depase. Li fè kouche yo sou rejis. Li jwenn te gen twasanmil (0300.000) sòlda ki te pi bon nan sèvi ak zam, ki te pare pou fè lagè, ki te gen ladrès pou sèvi ak frenn ak gwo plak pwotèj.
2 Chronicles 32:5Ezekyas mete gason sou li. Li fè repare tout miray lavil la, li bati fò won sou li ak yon lòt miray sou deyò. Li ranfòse ranpa ki pwoteje teren ranbleye ki bay sou solèy leve lavil David la. Li fè fè anpil frenn ak manch long ak anpil plak pwotèj.