2 Chronicles 15:12
Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 6:5Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouraj nou.
Deuteronomy 29:1Men pawòl ki te nan kontra Seyè a te bay Moyiz lòd pase ak moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan peyi Moab la. Kontra sa a te vin mete sou kontra li te deja fè ak yo sou Mòn Orèb la.
Deuteronomy 29:12nou vin pran angajman sou sèman pou nou asepte tout egzijans kontra Seyè a, Bondye nou an, ap pase ak nou jòdi a.
1 Kings 8:48si yo tounen vin jwenn ou ak tout kè yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lènmi te depòte yo a, si yo vire tèt yo nan direksyon peyi ou te bay zansèt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyè nan pye ou,
2 Chronicles 11:16Nan tout peyi Izrayèl la moun ki te vle sèvi Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ak tout kè yo fè tankou moun Levi yo ak prèt yo. Yo desann lavil Jerizalèm pou yo te ka ofri bèt pou yo touye pou Seyè a, Bondye zansèt yo a.
2 Chronicles 19:3Men malgre sa, ou fè kèk bagay ki bon. Ou te kraze tout pòtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lèfini ou te chache fè volonte Bondye.