2 Chronicles 15:13
Yo pwomèt pou yo touye nenpòt moun, kit se fanm kit se gason, kit se granmoun kit se jennmoun, ki pa soti pou sèvi Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo.
Cross References
Exodus 12:29Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri.
Exodus 22:20Si yon moun ofri bèt pou yo touye pou lòt bondye pase Seyè a, se pou yo disparèt li tankou bèt y'ap ofri bay Bondye.
Deuteronomy 17:2Si ta gen nan mitan nou, nan yonn nan lavil Seyè a, Bondye nou an, te ban nou yo, yon nonm osinon yon fanm ki ta fè yon bagay ki pa fè Seyè a, Bondye nou an, plezi, si li ta rive pa kenbe kontra li pase ak Bondye a,
1 Kings 18:40Lè sa a, Eli di yo: -Mete men sou pwofèt Baal yo! Pa kite yonn chape. Pèp la mete men sou tout pwofèt yo. Eli mennen yo desann nan ravin Kison an, li touye yo.
Job 34:19Li pa nan achte figi chèf yo. Ou te mèt pòv, ou te mèt rich, pa gen diferans pou li, paske se li menm ki fè yo tout.
Zephaniah 1:6M'ap detwi tout moun ki vire do ban mwen, ki pa koute pawòl mwen yo, ki pa vin mande m' konsèy ankò.