2 Chronicles 19:3
Men malgre sa, ou fè kèk bagay ki bon. Ou te kraze tout pòtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lèfini ou te chache fè volonte Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 14:13Tout moun peyi Izrayèl yo va pran lapenn pou li, y'a antere l'. Nan tout fanmi Jewoboram lan, se li menm ase y'ap antere paske, nan tout fanmi an, se li menm ase ki te yon ti jan bon nan je Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 12:12Paske Woboram te rekonèt li pa t' dwe fè sa l' te fè a devan Seyè a, kòlè Seyè a bese, li pa fini nèt avè l'. Men pou di vre, te gen bon bagay ki te pase nan peyi Jida lè sa a tou.
2 Chronicles 15:12Yo pran angajman pou yo sèvi Seyè a, Bondye zansèt yo a, ak tout kè yo, ak tout nanm yo.
2 Chronicles 17:3Seyè a te kanpe avèk Jozafa, paske li te fè tankou David, granpapa l', nan konmansman rèy li. Li pa t' kouri dèyè Baal yo.
2 Chronicles 22:9Apre sa, li mande pou yo chache Okozyas ki te kache nan peyi Samari a. Yo jwenn li, yo mennen l' bay Jeou ki fè yo touye l'. Apre sa, yo antere kadav li, paske yo t'ap di se pitit pitit Jozafa ki te fè sa l' kapab pou l' sèvi Seyè a. Se konsa pa t' rete pesonn nan fanmi Okozyas la ki te ka pran pouvwa a pou gouvènen.
2 Chronicles 30:19tout moun sa yo ki soti pou sèvi ou ak tout kè yo, menm si yo pa nan kondisyon pou sèvi ou, pou yo manyen sa yo mete apa pou ou yo.