2 Chronicles 16:1
Wa Asa te gen trannsenkan depi li t'ap gouvènen, lè Bacha, wa peyi Izrayèl la, anvayi peyi Jida. Li pran lavil Rama, li plen l' sòlda pa l' pou anpeche moun Asa yo pase antre soti nan peyi Jida.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 12:27Paske, si pèp la gen pou moute lavil Jerizalèm chak lè pou touye bèt pou Seyè a nan Tanp lan, rive yon lè, y'ap tounen al jwenn Woboram, wa peyi Jida a. Lè sa a, y'a touye m' pou y' al jwenn li ankò.
2 Chronicles 11:13Prèt yo ak moun Levi yo soti toupatou nan peyi Izrayèl, yo vin jwenn Woboram.
2 Chronicles 15:9Anpil moun soti toupatou nan peyi Efrayim, nan peyi Manase ak nan peyi Simeyon, yo vin jwenn Asa. Yo t'ap viv nan peyi a sou zòd li, paske yo te wè Seyè a te kanpe la avè l'. Asa reyini yo tout ansanm ak tout moun Jida yo ak moun Benjamen yo.
Jeremiah 40:1Seyè a pale ak Jeremi ankò apre Neboucharadan, chèf lagad la, te lage l' lavil Rama. Yo te fè Jeremi prizonye ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm ak moun peyi Jida yo. Yo te mete l' nan chenn ansanm ak tout moun yo t'ap depòte lavil Babilòn.