2 Chronicles 18:2
Kèk lanne apre sa, Jozafa al rann Akab yon vizit lavil Samari. Lè sa a, Akab fè yon gwo fèt pou Jozafa ansanm ak moun ki te avè l' yo. Li te fè touye yon pakèt mouton ak bèf pou fèt la. Lèfini, li chache pran tèt Jozafa pou yo al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:43Pou moun branch fanmi Woubenn yo, se te lavil Bezè nan dezè ki anwo sou platon an. Pou moun branch fanmi Gad yo, se te lavil Ramòt nan zòn Galarad la. Pou moun fanmi Manase yo, se te lavil Golan nan peyi Bazan.
1 Kings 1:9Yon jou, Adonija fè yon gwo sèvis pou Bondye bò Wòch Zoelèt la toupre sous Anwogèl. Li touye mouton, bèf ak ti towo bèf chatre sou lotèl la. Li envite tout lòt frè l' yo, pitit gason David yo, ansanm ak tout gwo chèf nan peyi Jida ki t'ap travay ak papa l'.
1 Kings 17:7Kèk tan apre sa, ravin lan vin chèch, paske lapli pa t' tonbe nan peyi a.
2 Kings 9:1Pwofèt Elize rele yonn nan jenn pwofèt yo, li di l' konsa: —Pare pou ale lavil Ramòt nan peyi Galarad. Pran ti poban lwil oliv sa a avè ou.
Nehemiah 13:6Pandan tout bagay sa yo t'ap pase, mwen pa t' lavil Jerizalèm paske, lè wa Atagzèsès te rive sou tranndezan depi l' t'ap gouvènen, nou te fè yon vwayaj al bò kote l'. Kèk tan apre sa, li ban m' otorizasyon ankò,
Luke 17:27Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo; se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout.