Luke 17:27
Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo; se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 6:10Seyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li te fè sèman l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl lavil nou pa t' bati,
1 Samuel 25:36Abigayèl tounen al jwenn Nabal lakay li. Nabal t'ap fè yon gwo resepsyon, parèy ak resepsyon wa yo konn fè. Nabal te sou anpil, kè l' te kontan. Madanm lan pa di l' anyen jouk nan denmen maten.
Isaiah 21:4Tèt mwen ap vire. M'ap tranble tèlman mwen pè. Mwen t'ap tann solèy la kouche. Men, lè aswè rive, se te pi mal.
Luke 12:19Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen an depò pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou.
1 Thessalonians 5:1Frè m' yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m' fè nou konnen ni ki lè, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive.