The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 19 › 2 Chronicles 19:10

2 Chronicles 19:10

Chak fwa frè nou yo ki rete nan lòt lavil yo vin pote yon ka devan nou, kit se pou yon moun yo touye, kit se pou yon lwa, yon lòd, yon regleman osinon yon prensip yo dezobeyi, se pou nou pale ak yo pou yo pa fè anyen ki mal devan Seyè a. Si nou pa fè sa, Seyè a ap move ni sou nou ni sou moun nou yo. Si nou fè sa nou dwe fè, nou p'ap koupab nou menm.

Bib La

In The King James Version

And what cause soever shall come to you of your brethren that dwell in their cities, between blood and blood, between law and commandment, statutes and judgments, ye shall even warn them that they trespass not against the LORD, and so wrath come upon you, and upon your brethren: this do, and ye shall not trespass.

In Context

9Li ba yo lòd, li di yo: -Se pou nou fè travay nou ak krentif pou Bondye. Se pou nou swiv lòd li nan tou sa n'ap fè.

11Amarya, granprèt la, va pi gwo jij pou tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a. Zebadya, pitit Izmayèl la, chèf branch fanmi Jida a, va pi gwo jij pou tou sa ki an rapò ak lalwa peyi a. Se va reskonsablite moun Levi yo pou yo fè respekte tout desizyon n'a pran. Mete gason sou nou. Fe travay nou. Se pou Seyè a toujou kanpe la ak moun ki mache dwat yo.

Read all of 2 Chronicles 19

Cross References

Numbers 16:46Epi Moyiz di Arawon konsa: -Pran ti recho dife ou la, pran chabon dife sou lotèl la, mete ladan l'. Vide ti lansan sou dife a. Epi kouri vit avè l' al jwenn pèp la. W'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo. Fè vit non! Seyè a fache anpil, li gen tan pran desizyon l'. Malè a konmanse deja.

Deuteronomy 17:8Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,

Joshua 22:18Men jòdi a, n'ap vire do bay Seyè a ankò. Si nou leve kont Seyè a jòdi a, denmen se sou tout pèp Izrayèl la li pral fache.

Ezekiel 3:18Lè mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l' mouri, si ou pa avèti l' pou l' chanje, pou l' kite move pant l'ap swiv la pou l' ka sove lavi l', l'ap toujou mouri poutèt peche li fè yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.

Acts 20:31Se poutèt sa, mwen di nou: fè atansyon anpil. Toujou chonje ki jan, pandan twazan, lajounen kou lannwit, mwen pa janm sispann avèti nou tout, ak dlo nan je mwen.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 19:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 19:92 Chronicles 192 Chronicles 19:11 →